Gen kèk manman ki santi yo malalèz pou bay tete an piblik. Si ou konsa tou, sonje w ap alimante tibebe w la epi ou p ap fè anyen ki mal. W ap satisfè bezwen tibebe ou.
Li pa posib pou w rete lakay toutan. Pa ezite alimante tibebe w la pandan ou deyò lakay ou. Rete fyè de angajman ou!
KONSÈY POU EDE OU SANTI W PI ALÈZ LÈ W AP BAY TETE AN PIBLIK:
- Mete rad ki pèmèt ou gen aksè fasil ak tete w tankou soutyen pou bay tete ak kòsaj ki laj oswa ki gen bouton
- Pratike lakay dabò pou asire ou montre sèlman pati ou santi ou alèz pou w montre
- Itilize yon kouvèti pou bay tete oswa kouvèti pou tibebe bò zepòl ou
- Bay fas ak mi nan yon restoran oswa chita nan yon kabin
- Bay tete nan yon salon fanm oswa yon vestyè nan magazen
- Mete yon afich "Pa Deranje" deyò pòt la pou plis vi prive

Gen lwa nan pifò eta yo ki pwoteje fanm k ap bay tete. Lwa sa yo anplas akòz bay tete se pi bon chwa pou sante yon manman ak tibebe li.
Klike Isit la pou wè lwa yo nan eta ou.
Kwè nan tèt ou ak chwa ou pou bay tibebe w tete!