Pwent tete ki fè mal
Lè ou fèk kòmanse bay tete, ou ka santi pwent tete ou sansib. Yon fwa ou menm ak tibebe ou a abitye, bay tete pa ta dwe fè mal.
Doulè nan pwente yo ka rive:
- Si tibebe w la pa gen yon bon priz
- Si tibebe w la tete sèlman nan pwent tete a
- Si ou retire tibebe w la nan tete w pandan li t ap tete li toujou
- Si w ap ponpe avèk yon brid ki se pa bon dimansyon an

SA OU KAPAB FÈ:
- Tcheke pwent tete ou apre ou fin bay tibebe w la tete
- Li ta dwe parèt won ak long oswa menm fòm li te ye anvan ou bay tete
- Si li parèt plat oswa konprese lè li soti nan bouch tibebe w la, tibebe w la ka tete sèlman nan pwent tete w
Si tibebe w la tete sèlman nan pwent tete w:
1. Sispann tete li nan mete dwèt ou nan kwen bouch li
2. Kite li eseye pran tete ou ankò
3. Gade Gen yon Bon Priz pou plis èd
- Mande WIC èd pou amelyore priz tete tibebe w la
- Yo kapab gade ou k ap bay tete pou dekouvri poukisa ou santi doulè epi ede ou rezoud pwoblèm nan.
- Eseye chanje pozisyon chak fwa w ap bay tete
- Apre ou fin bay tete, peze kèk gout lèt soti epi fwote li dousman sou pwent tete ou yo
- Lèt matènèl gen pwopriyete gerizon natirèl ak lwil ki kalme.
- Kite pwent tete ou yo seche nan lè a apre ou fin bay tete epi mete yon mayo koton dou
- Evite rad sere ak soutyen ki fè presyon sou pwent tete ou yo
- Mete sèvyèt alètman ki ka lave oswa jete nan soutyen ou pou absòbe ekoulman yo
- Chanje souvan
- Pa itilize savon ki rèd, pomad owa losyon kontraksyon sou pwent tete ou
- Si pwent tete ou yo fann, itilize savon dou ak dlo pou netwaye yo
Sispann oswa retade alètman kapab lakòz plis doulè ak domaj nan pwodiksyon lèt ou.Anvan ou bay vag, jwenn èd nan men WIC.
Pale ak founisè swen sante ou, WIC, oswa lòt ekspè nan alètman:
- Si doulè w la pa ale
- Si doulè w la vini sibitman
- Anvan ou itilize krèm, tanpon idwojèl oswa yon pwotèj pwent tete
Pwent tete fè mal ka mennen nan enfeksyon tete, sa k ap mande pou yon pwofesyonèl trete li.