Ponpe ak Konsève Lèt Ou

Fason ou ponpe ak konsève lèt matènèl depann ak ki rapidite ou vle itilize li. Si ou pa kapab bay tibebe w la tete dirèkteman, li enpòtan pou w retire lèt la pandan moman tibebe w la nòmalman pran tete. Sa ap ede w kontinye pwodui lèt.

Fason Pou Ou Tire Lèt Ou ak Men oswa Ponp

Klike anba a pou aprann plis sou diferan fason pou w tire lèt.

Konsève Lèt Ou

LÈT MATÈNÈL KA KONSÈVE NAN:

* Pa janm konsève lèt matènèl nan boutèy jetab oswa sak plastik ki pa fèt pou konsève lèt matènèl.

Lokal ak Tanperati pou Konsève


Jiska 4 èdtan


1-2 èdtan


Itilize nan 2 èdtan apre tibebe a fini bwè. Apre de èdtan, lèt matènèl ki rete dwe jete.


Jiska 4 èdtan


1-2 èdtan


Itilize nan 2 èdtan apre tibebe a fini bwè. Apre de èdtan, lèt matènèl ki rete dwe jete.


Nan 6 mwa li pi bon.
Jiska 12 mwa akseptab.


PA JANM rekonjele lèt matènèl apre li fin dekonjele.


Itilize nan 2 èdtan apre tibebe a fini bwè. Apre de èdtan, lèt matènèl ki rete dwe jete.

ANVAN OU TIRE OSWA MANIPILE LÈT MATÈNÈL

APRE CHAK PONPAJ

KONSÈY POU KONJELE LÈT

KONSÈY POU DEKONJELE AK CHOFE LÈT

Byen Netwaye Ekipman Ponp lan

Dezenfekte pou plis sekirite:

Dezenfekte plizyè pati ponp lan, lavabo a ak bwòs boutèy la yon fwa pa jou apre ou fin netwaye yo. Atik yo kapab dezenfekte avèk vapè, dlo bouyi oswa yon lav-vesèl ki gen pati dezenfektan.

Dezenfekte trè enpòtan si tibebe w la gen mwens pase 3 mwa, si li te fèt anvan lè oswa si li gen yon sistèm iminitè fèb akòz maladi oswa tretman medikal.

hand-expierence

TIRE LÈT AK MEN

Kijan sa fonksyone

Itilize men w pou fè masaj dousman ak konprès sou tete w pou retire lèt la.

Sa li enplike

Kou Mwayen

Gratis

pump

PONP MANYÈL

Kijan li fonksyone

Itilize men w ak pwanyè w pou manipile yon aparèy pòtatif pou ponpe lèt la.

Sa li enplike

Kou Mayen

$30 a $50 (ka gen asirans ki kouvri l)

electric pump

PONP TETE ELEKTRIK

Kijan li fonksyone

Fonksyone ak batri oswa ploge nan priz elektrik.

Sa li enplike

Kou Mwayen

$150 ak plis pase $250 (asirans souvan kouvri l)

Side-Lying

POZISYON KOUCHE SOU KOTE

  1. Pou tete dwat la, kouche sou bò dwat ou avèk tibebe w la ki ba w fas.
  2. Rale tibebe w la toupre w. Bouch tibebe w la ta dwe nan nivo pwent tete w.
  3. Nan pozisyon sa, ou ka bèse do tibebe w la avèk bra gòch epi soutni tèt ou avèk bra dwa ou ak/oswa zòrye yo.
  4. Kenbe gwo rad ak rad kabann yo lwen tibebe w la.
  5. Chanje pou tete gòch la.

Pozisyon sa itil lè:

cross-cradle

POZISYON TRANSVÈSAL

  1. Pou tete dwat la, itilize bra goch ou pou kenbe tèt tibebe w la nan tete dwat ou ak kò bebe a nan direkyon bò gòch ou. Yon zòrye sou janm ou ka ede sipòte bra gòch ou.
  2. Mete men gòch ou dousman dèyè zòrèy ak kou tibebe w la, kote pous ak endèks ou dèyè chak zòrèy epi pla men ou ant omoplat tibebe a. Vire kò tibebe a nan sans kò w pou vant ou yo ka ap touche.
  3. Kenbe tete ou tankou ou t ap peze yon sandwich. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Olye de sa, rale tibebe w la sou ou.
  4. Pandan bouch tibebe w la ouvri, pouse dousman avèk pla men gòch ou sou tèt tibebe a pou ede li pran tete a. Asire ou kenbe dwèt ou yo lwen.
  5. Chanje pou tete gòch la.

Pozisyon sa itil lè:

Football

POZISYON ANBREYAJ OSWA “FOUTBÒL AMERIKEN”

  1. Pou tete dwat la, kenbe nivo tibebe w la, fas devan sou kote dwat ou.
  2. Mete tèt tibebe w la toupre pwent tete w epi sipòte do li ak janm li anba bra dwat ou.
  3. Kenbe baz tèt tibebe w la avèk pla men dwat ou. Yon zòrye anba bra dwat ou ka ede sipòte pwa tibebe w la.
  4. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Rale li vin jwenn ou pito.
  5. Chanje pou tete gòch la.

Pozisyon sa itil lè:

CRADLE hold

POZISYON BÈSO

  1. Pou tete dwat la, bèse tibebe w la avèk bra dwat ou. Tibebe w la pral sou bò gòch li sou janm ou, fas li nan nivo pwent tete a.
  2. Tèt tibebe w la pral repoze sou avanbra dwat ou kote do tibebe w la ap nan pati pa anndan bra ak pla men ou.
  3. Vire vant tibebe w la nan direksyon vant ou. Men gòch ou lib pou sipòte tete w, si nesesè. Zòrye yo kapab ede sipòte bra ak koud ou.
  4. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Olye de sa, rale tibebe w la sou ou.
  5. Chanje pou tete gòch la.

Pozisyon sa itil lè:

laid-back

POZISYON KAGE

  1. Panche pa dèyè sou yon zòrye kote vant tibebe w la touche pa w epi tèt li nan nivo bra a. Gen kèk manman ki twouve chita prèske drèt fonksyone byen. Lòt yo prefere panche dèyè epi kouche prèske plat.
  2. Ou ka mete machwè tibebe w la sou tete w oswa ou ka vle itilize yon men pou kenbe tete w toupre tibebe w la. Sa depann de ou ak sa ou santi ki mye a.
  3. Tibebe w la natirèlman ap jwenn pwent tete w epi kòmane souse.

Pozisyon kenbe sa itil lè: