Kanal Lèt ki Bouche
Lè kanal lèt la pa sikile nèt, lèt tete a ka akimile nan kanal la epi kreye yon bouchon. Li tankou yon ti boul oswa ne ki douloure nan tete a.
Yon kanal bouche ka rive:
- Si tete ou vin twò plen
- Si tibebe w la sote yon alètman
- Si tibebe w la pa tete osi souvan ke dabitid
- Si ou mete yon soutyen ki twò sere
SA OU KAPAB FÈ:
- Bay tete nan kote ki afekte a chak de èdtan
- Sa ap ede lache bouchon an epi pèmèt lè ou sikile fasil
- Fè masaj nan tete ou pandan w ap bay tibebe w la tete (gade imaj la)
- 1. Kòmasnse dèyè pati ki bouche a
- 2. Bouje dwèt ou yo nan yon mouvman sikilè nan direksyon pwent tete a
- Aplike chalè anvan chak alètman pou ede ak ejeksyon an epi soulaje doulè
- Mete yon sèvyèt mouye cho sou pati ki bouche a
- Pran yon douch oswa ben cho
- Bwè anpil dlo epi repoze anpil
- Mete yon soutyen ki sèvi byen epi ki pa twò sere
Si kanal bouche ou a pa lache, mande èd. Kanal ki bouche yo kapab mennen nan yon enfeksyon tete.