Retounen Travay Oswa Lekòl

Si sa posib, pran kantite tan nesesè ou kapab anvan ou retounen nan travay oswa lekòl.
Omwen sis semèn konje kapab ede ou rekipere apre akouchman epi antre nan woutin. Douz semèn ankò pi bon.

Tounen nan travay oswa lekòl kapab fè w kontan, tris oswa toude. Sa nòmal. Ou ka gen anpil kesyon sou fason w ap kontinye bay tete. Rete prepare pral ede kalme lespri w.

  • Aprann otan ou kapab davans
  • Mande WIC konsèy sou fason pou w kontinye bay tete apre ou retounen nan travay oswa lekòl
  • Pale ak anplwayè oswa konseye lekòl ou sou opsyon ou yo.

Konsèy pou Pale Avèk Anplwayè oswa Konseye Lekòl Ou

Planifye dabò - epi vini prepare ak repons yo. Kesyon pou w poze tèt ou:

Pwograme yon lè pou pale.

Diskite diferan kalite orè tankou:

Eksplike bezwen ou yo

Ede anplwayè/lekòl ou konprann bezwen ou yo, tankou:

Sonje lè w tounen gradyèlman nan travay oswa lekòl ap ba ou plis tan pou ajiste w.

Fè yo konnen ou p ap pran plis tan ke nesesè. Menm si yo peye oswa pa peye w pou tan w pran pou tire lèt la, ou ka ofri pou w konpanse sa. Epi lè sa gen pou wè ak jwenn yon kote pou w ponpe lèt, ofri solisyon kreyatif tankou biwo, espas ki ka bloke, amwa oswa menm nan machin avèk kouvèt vit.

Sipò nan Travay

Manman k ap bay tete yo bezwen tout sipò yo kapab jwenn pandan y ap tounen nan travay. Klike anba pou w telechaje yon Plan pou Retounen nan Travay ki gratis. Poze pèsonèl alètman WIC la kesyon pou ede w ranpli fèy sa pou w kapab remèt li bay anplwayè ou.

Prepare pou Gadri

Pale ak founisè gadri ou a. Li enpòtan pou w jwenn yon founisè gadri ki sipòte alètman epi ki pral nouri tibebe w la ak lèt matènèl ki konsève pandan ou nan travay.