Sevraj nan Bay Tete

Sevraj se pwosesis kote w kòmanse bay tibebe w la lòt manje pandan ou kontinye ba li tete
Li se yon faz natirèl nan kwasans tibebe w la.

Kilè Pou w Sevre Tibebe w la

Bay tete bon pou yon manman ak timoun nan nenpòt laj. Gen kèk manman ak tibebe ki kontinye bay tete nan laj ti anfans ak plis. Desizyon pou w sevre tibebe w la depann de ou menm ak tibebe w la. Pa gen yon moman “pafè”.

Li pi fasil ak pi konfòtab pou w sevre lè tibebe w la kòmanse pwosesis la. Pou pifò tibebe yo, sa fèt lè yo kòmanse pran plis eleman nitritif nan manje solid. Tibebe yo ki pare pou yo sevre jeneralman fè sa gradyèlman. Sou plizyè semèn, tibebe a ap kite yon sesyon tete alafwa. Petèt, tibebe a pral sèlman pran tete yon fwa pa jou oswa mwens.

Si ou sevre tibebe w la nan lèt tete anvan tibebe w la gen 12 mwa, lè sa w ap bezwen konplete rejim li avèk lèt transfòme tibebe. Sonje ke tibebe yo pa ta dwe bwè lèt vach anvan premye anivèsè yo.

Laj tibebe w la, kantite tan nòmal ou te bay tete chak jou ak si tibebe w la pare pou sevre kapab afekte konbyen tan pwosesis sevraj la ap pran.

SEVRAJ LA KA SISPANN OSWA RALANTI SI:

  1. Tibebe w la malad oswa ap fè dan

    Tibebe a ka bezwen konfò anplis ak antikò nan alètman

  2. Yon gwo chanjman te rive lakay ou
    Eseye pa kòmanse sevre lè ou fèk retounen nan travay oswa lekòl
  3. Tibebe w la gen difikilte pou l sevre
    Si tibebe w la ap reziste, li ka pa pare. Eseye ankò nan youn oswa de mwa.

LÈ OU MENM AK TIBEBE W LA PARE POU SEVRE:

  1. Eseye yon apwòch “pa ofri, pa refize” pou yon sesyon alètman alafwa. Sa vle di, nan moman alètman nòmal la, pa otomatikman ofri l tete w. Men si timoun ou mande tete, pa refize l. Nòmalman, dènye sesyon alètman ke tibebe yo kite se sila anvan yo dòmi oswa apre yo fin reveye.
  2. Sa ede avèk sevraj la epi ede tibebe w la kòmanse yon nouvo woutin.
  3. Nan lè ou t ap nòmalman bay tete, distrè tibebe w la ak yon aktivite. Li yon liv avèk tibebe w la se yon fason espesyal pou konekte ak li olye pou bay tete.
  4. Sevraj la ka emosyonèl pou nou tou de.
Side-Lying

POZISYON KOUCHE SOU KOTE

  1. Pou tete dwat la, kouche sou bò dwat ou avèk tibebe w la ki ba w fas.
  2. Rale tibebe w la toupre w. Bouch tibebe w la ta dwe nan nivo pwent tete w.
  3. Nan pozisyon sa, ou ka bèse do tibebe w la avèk bra gòch epi soutni tèt ou avèk bra dwa ou ak/oswa zòrye yo.
  4. Kenbe gwo rad ak rad kabann yo lwen tibebe w la.
  5. Chanje pou tete gòch la.

Pozisyon sa itil lè:

cross-cradle

POZISYON TRANSVÈSAL

  1. Pou tete dwat la, itilize bra goch ou pou kenbe tèt tibebe w la nan tete dwat ou ak kò bebe a nan direkyon bò gòch ou. Yon zòrye sou janm ou ka ede sipòte bra gòch ou.
  2. Mete men gòch ou dousman dèyè zòrèy ak kou tibebe w la, kote pous ak endèks ou dèyè chak zòrèy epi pla men ou ant omoplat tibebe a. Vire kò tibebe a nan sans kò w pou vant ou yo ka ap touche.
  3. Kenbe tete ou tankou ou t ap peze yon sandwich. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Olye de sa, rale tibebe w la sou ou.
  4. Pandan bouch tibebe w la ouvri, pouse dousman avèk pla men gòch ou sou tèt tibebe a pou ede li pran tete a. Asire ou kenbe dwèt ou yo lwen.
  5. Chanje pou tete gòch la.

Pozisyon sa itil lè:

Football

POZISYON ANBREYAJ OSWA “FOUTBÒL AMERIKEN”

  1. Pou tete dwat la, kenbe nivo tibebe w la, fas devan sou kote dwat ou.
  2. Mete tèt tibebe w la toupre pwent tete w epi sipòte do li ak janm li anba bra dwat ou.
  3. Kenbe baz tèt tibebe w la avèk pla men dwat ou. Yon zòrye anba bra dwat ou ka ede sipòte pwa tibebe w la.
  4. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Rale li vin jwenn ou pito.
  5. Chanje pou tete gòch la.

Pozisyon sa itil lè:

CRADLE hold

POZISYON BÈSO

  1. Pou tete dwat la, bèse tibebe w la avèk bra dwat ou. Tibebe w la pral sou bò gòch li sou janm ou, fas li nan nivo pwent tete a.
  2. Tèt tibebe w la pral repoze sou avanbra dwat ou kote do tibebe w la ap nan pati pa anndan bra ak pla men ou.
  3. Vire vant tibebe w la nan direksyon vant ou. Men gòch ou lib pou sipòte tete w, si nesesè. Zòrye yo kapab ede sipòte bra ak koud ou.
  4. Pou pwoteje do w, evite bese nan direksyon tibebe w la. Olye de sa, rale tibebe w la sou ou.
  5. Chanje pou tete gòch la.

Pozisyon sa itil lè:

laid-back

POZISYON KAGE

  1. Panche pa dèyè sou yon zòrye kote vant tibebe w la touche pa w epi tèt li nan nivo bra a. Gen kèk manman ki twouve chita prèske drèt fonksyone byen. Lòt yo prefere panche dèyè epi kouche prèske plat.
  2. Ou ka mete machwè tibebe w la sou tete w oswa ou ka vle itilize yon men pou kenbe tete w toupre tibebe w la. Sa depann de ou ak sa ou santi ki mye a.
  3. Tibebe w la natirèlman ap jwenn pwent tete w epi kòmane souse.

Pozisyon kenbe sa itil lè: