Pwodiksyon Lèt ki Ba
Anpil manman k ap bay tete enkyete konsènan zafè pa pwodui ase lèt pou tibebe yo a. Bon nouvèl la sè ke pifò manman ka pwodui anpil lèt.
Pwodiksyon lèt ki ba ka rive:
- Si ou limite sesyon alètman tibebe w la
- Si ou bay tibebe w la lèt transfòme olye alètman
- Si ou bay tibebe w la manje solid anvan li gen 6 mwa
- Si tibebe w la pa pran tete ase souvan
- Si tibebe w la pa rale tete byen
- Si ou estrese oswa pa dòmi ase
SA OU KAPAB FÈ:
- Pou ogmante pwodiksyon lèt la, vide tete w yo avèk chak alètman
- Si tibebe w la pa drene tete w, ponpe apre chak alètman
- Pi souvan ou vide tete w, se plis lèt tete w ap pwodui
- Bay tete souvan epi kite tibebe w la deside lè pou mete fen nan alètman
- Ofri tou de tete yo nan chak alètman
- Fè tibebe w la rete nan premye tete a osi lontan li toujou ap tete ak vale
- Ofri dezyèm tete a lè tibebe w la ralanti oswa sispann
- Fè masaj oswa konprès sou tete w yo pandan tibebe w la ap pran tete pou ede pwodui plis lèt
- Evite bay lèt transfòme oswa itilize sisèt
- Si ou bezwen bay tibebe w la bibwon, ofri lèt ou tire
Si konsèy anwo yo pa ede, tcheke founisè swen sante ou pou asire pa gen okenn pwoblèm medikal ki ta ka diminye pwodiksyon lèt ou.