Angòjman

Pifò fanm santi tete yo vin gwo, plen, lou ak sansib pandan 2 a 5 jou apre akouchman. Santi tete yo plen se yon bagay nòmal. Se rezilta pwodiksyon lèt la ki plis – ki se yon bon bagay! Bay tibebe ou tete souvan ap soulaje sansasyon plen sa.

Angòjman diferan pase sansasyon plen nòmal tete yo. Angòjman rive lè tete w yo vin twò plen. Sa lakòz doulè, gonfleman, chalè, woujè, batman ak rijidite tete yo. Sa ka lakòz tou ti lafyèv epi ka mennen nan obstriksyon kanal lèt yo oswa yon enfeksyon nan tete.

Angòjman ka rive:

KISA OU KAPAB FÈ:

Pou anpeche angòjman

Pou soulaje angòjman