Konsèy pou Fè Sa Fonksyone
Pwodui anpil lèt
Nouri tibebe w la souvan ede li grandi. Li di kò w tou pou kontinye pwodui lèt. Pi souvan ou bay tete, se plis lèt tete w ap pwodui. Pifò manman k ap bay tete yo kapab pwodui anpil lèt pou tibebe yo.
Evite pwoblèm nan pwent tete.
Evite itilize itilize sisèt ak bibwon pandan premye semèn yo apre li fin fèt.
Kenbe tibebe a an sekirite ak toupre
Mete tibebe w la dòmi nan yon bèso oswa bèso oval mobil nan chanm ou pou ou kapab bay tete pi fasil lannuit. Rechèch yo te montre ke lè yon tibebe pataje yon chanmakouche avèk paran li, tibebe a gen mwens risk SIDS.
Aprann siy grangou tibebe w la
Lè tibebe w la grangou, li vijilan ak aktif. Kriye kapab yon siy grangou. Li ka pi difisil pou tibebe w la byen pran tete a si li boulvèse. Ofri tete w la tete lè tibe w la montre siy grangou, tankou:
- Mete men li oswa pwanyè li sou bouch li
- Fè mouvman souse avèk bouch li
- Vire tèt li ap chèche tete a
- Antre tèt li oswa vire li nan direksyon nenpòt bagay ki touche machwè li.
Gen kèk tibebe k ap pran tete nan tou de tete yo pandan chak alètman. Gen lòt tibebe ki sèlman pran youn. Kite tibebe w la fini nan premye tete a si li toujou ap souse ak vale. Tibebe w la ap lage tete w lè li fini. Ofri tibebe w la lòt tete a si li kontinye montre siy grangou.