Enfeksyon Fonjik (Mikoz)
Yon enfeksyon fonjik ki rele tou enfeksyon levi oswa mikoz, kapab fòme nan pwent tete ou oswa nan tete ou. Kalite enfeksyon sa devlope nan lèt la epi fòme apati yon pwoliferasyon nan òganis Candida. Candida viv nan kò nou epi bakteri natirèl nan kò nou yo kenbe li an sante. Lè ekilib natirèl bakteri a deranje, Candida kapab pwolifere, epi lakòz yon enfeksyon.
Siy yon enfeksyon fonjik gen ladan:
- Doulè nan pwent tete ki dire plis pase kèk jou, menm apre bebe w la fin gen yon bon priz
- Pwent tete woz, avèk kal, ki briye, grate oswa ki fann
- Pwent tete woz fonse ak boul
- Tete douloure
- Doulè trè pwofon nan tete pandan oswa apre alètman
- Tach blanch nan bouch tibebe w la oswa yon kouch blanch nan lang tibebe w la
SA OU KAPAB FÈ:
Enfeksyon fonjik ka pran plizyè semèn pou li ale, kidonk, li enpòtan pou w swiv konsèy sa yo pou evite pwopagasyon enfeksyon an:
- Chanje tanpon pou bay tete ki jetab yo souvan.
- Lave nenpòt sèvyèt oswa twal ki gen kontak avèk levi a nan dlo trè cho (pi wo pase 122°F).
- Mete yon soutyen pwòp chak jou.
- Lave men ou souvan.
- Lave men tibebe w la souvan, espesyalman si li tete dwèt li.
- Netwaye sisèt, pwent tete ak jwèt yo ke tibebe w la mete nan bouch li.
- Bouyi tout pati nan ponp lan ki touche lèt ou chak jou.
- Asire ke lòt manm fanmi an pa gen mikoz oswa lòt enfeksyon fonjik. Si yo gen sentòm, asire yo trete.
Si ou menm oswa tibebe w la gen sentòm enfeksyon fonjik, rele founisè swen sante w ak founisè swen sante timoun ou an pou yo ka byen dyagnostike nou epi trete nou an menm tan. Sa pral anpeche youn pase enfeksyon an bay lòt.